Haitian Creole Bible

Job 4

Job

Return to Index

Chapter 5

1


 

  ¶ Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?  

 

 

--

2


 

  Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.  

 

 

--

3


 

  Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.  

 

 

--

4


 

  Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.  

 

 

--

5


 

  Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.  

 

 

--

6


 

  ¶ Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans.  

 

 

--

7


 

  Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.  

 

 

--

8


 

  Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'.  

 

 

--

9


 

  Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.  

 

 

--

10


 

  Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.  

 

 

--

11


 

  Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.  

 

 

--

12


 

  Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.  

 

 

--

13


 

  Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.  

 

 

--

14


 

  Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.  

 

 

--

15


 

  Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.  

 

 

--

16


 

  Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo.  

 

 

--

17


 

  ¶ Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!  

 

 

--

18


 

  Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.  

 

 

--

19


 

  Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.  

 

 

--

20


 

  Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou.  

 

 

--

21


 

  L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche.  

 

 

--

22


 

  W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa.  

 

 

--

23


 

  Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.  

 

 

--

24


 

  Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.  

 

 

--

25


 

  W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden.  

 

 

--

26


 

  Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.  

 

 

--

27


 

  Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.  

 

 

--

Job 6

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: