Haitian Creole Bible

Job 12

Job

Return to Index

Chapter 13

1


 

  ¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.  

 

 

--

2


 

  Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.  

 

 

--

3


 

  Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.  

 

 

--

4


 

  Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.  

 

 

--

5


 

  Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.  

 

 

--

6


 

  Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen.  

 

 

--

7


 

  Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa?  

 

 

--

8


 

  Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase?  

 

 

--

9


 

  Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!  

 

 

--

10


 

  Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal.  

 

 

--

11


 

  Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?  

 

 

--

12


 

  Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.  

 

 

--

13


 

  ¶ Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!  

 

 

--

14


 

  Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'!  

 

 

--

15


 

  Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.  

 

 

--

16


 

  Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.  

 

 

--

17


 

  Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen.  

 

 

--

18


 

  M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'.  

 

 

--

19


 

  Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.  

 

 

--

20


 

  De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò.  

 

 

--

21


 

  Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.  

 

 

--

22


 

  Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.  

 

 

--

23


 

  ¶ Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?  

 

 

--

24


 

  Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?  

 

 

--

25


 

  Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.  

 

 

--

26


 

  W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.  

 

 

--

27


 

  Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.  

 

 

--

28


 

  M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.  

 

 

--

Job 14

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: