Haitian Creole Bible

Job 21

Job

Return to Index

Chapter 22

1


 

  ¶ Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:  

 

 

--

2


 

  -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.  

 

 

--

3


 

  Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat?  

 

 

--

4


 

  Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?  

 

 

--

5


 

  ¶ Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.  

 

 

--

6


 

  Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.  

 

 

--

7


 

  Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.  

 

 

--

8


 

  Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.  

 

 

--

9


 

  Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.  

 

 

--

10


 

  Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.  

 

 

--

11


 

  Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!  

 

 

--

12


 

  Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.  

 

 

--

13


 

  Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?  

 

 

--

14


 

  Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.  

 

 

--

15


 

  ¶ Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!  

 

 

--

16


 

  Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.  

 

 

--

17


 

  Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?  

 

 

--

18


 

  Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.  

 

 

--

19


 

  Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.  

 

 

--

20


 

  Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.  

 

 

--

21


 

  ¶ Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!  

 

 

--

22


 

  Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.  

 

 

--

23


 

  Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.  

 

 

--

24


 

  Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.  

 

 

--

25


 

  Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.  

 

 

--

26


 

  Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.  

 

 

--

27


 

  Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.  

 

 

--

28


 

  Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.  

 

 

--

29


 

  Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.  

 

 

--

30


 

  L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.  

 

 

--

Job 23

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: