Haitian Creole Bible

Job 22

Job

Return to Index

Chapter 23

1


 

  ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:  

 

 

--

2


 

  -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.  

 

 

--

3


 

  Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.  

 

 

--

4


 

  M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.  

 

 

--

5


 

  M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.  

 

 

--

6


 

  Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.  

 

 

--

7


 

  Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.  

 

 

--

8


 

  ¶ M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.  

 

 

--

9


 

  Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!  

 

 

--

10


 

  Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.  

 

 

--

11


 

  M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.  

 

 

--

12


 

  Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.  

 

 

--

13


 

  ¶ Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?  

 

 

--

14


 

  L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.  

 

 

--

15


 

  Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.  

 

 

--

16


 

  Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.  

 

 

--

17


 

  Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!  

 

 

--

Job 24

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: