Haitian Creole Bible

Psalms 25

Psalms

Return to Index

Chapter 26

1


 

  ¶ Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.  

 

 

--

2


 

  Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',  

 

 

--

3


 

  Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.  

 

 

--

4


 

  Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.  

 

 

--

5


 

  Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.  

 

 

--

6


 

  ¶ Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,  

 

 

--

7


 

  pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.  

 

 

--

8


 

  Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.  

 

 

--

9


 

  Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,  

 

 

--

10


 

  ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.  

 

 

--

11


 

  Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.  

 

 

--

12


 

  M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.  

 

 

--

Psalms 27

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: