Haitian Creole Bible

Psalms 32

Psalms

Return to Index

Chapter 33

1


 

  ¶ Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.  

 

 

--

2


 

  Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.  

 

 

--

3


 

  Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.  

 

 

--

4


 

  Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.  

 

 

--

5


 

  Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.  

 

 

--

6


 

  Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.  

 

 

--

7


 

  Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.  

 

 

--

8


 

  Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.  

 

 

--

9


 

  Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.  

 

 

--

10


 

  Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.  

 

 

--

11


 

  Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.  

 

 

--

12


 

  ¶ Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!  

 

 

--

13


 

  Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.  

 

 

--

14


 

  Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.  

 

 

--

15


 

  Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.  

 

 

--

16


 

  Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.  

 

 

--

17


 

  Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.  

 

 

--

18


 

  Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.  

 

 

--

19


 

  L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.  

 

 

--

20


 

  Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.  

 

 

--

21


 

  Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.  

 

 

--

22


 

  Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.  

 

 

--

Psalms 34

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: