Haitian Creole Bible

Psalms 46

Psalms

Return to Index

Chapter 47

1


 

  ¶ (47:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (47:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!  

 

 

--

2


 

  (47:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.  

 

 

--

3


 

  (47:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.  

 

 

--

4


 

  (47:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.  

 

 

--

5


 

  ¶ (47:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.  

 

 

--

6


 

  (47:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!  

 

 

--

7


 

  (47:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!  

 

 

--

8


 

  (47:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.  

 

 

--

9


 

  (47:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.  

 

 

--

Psalms 48

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: