Haitian Creole Bible

Psalms 101

Psalms

Return to Index

Chapter 102

1


 

  ¶ (102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.  

 

 

--

2


 

  (102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.  

 

 

--

3


 

  (102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.  

 

 

--

4


 

  (102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.  

 

 

--

5


 

  (102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.  

 

 

--

6


 

  (102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.  

 

 

--

7


 

  (102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.  

 

 

--

8


 

  (102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.  

 

 

--

9


 

  (102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.  

 

 

--

10


 

  (102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.  

 

 

--

11


 

  (102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.  

 

 

--

12


 

  ¶ (102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!  

 

 

--

13


 

  (102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.  

 

 

--

14


 

  (102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.  

 

 

--

15


 

  (102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.  

 

 

--

16


 

  (102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.  

 

 

--

17


 

  (102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.  

 

 

--

18


 

  (102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.  

 

 

--

19


 

  (102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,  

 

 

--

20


 

  (102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.  

 

 

--

21


 

  (102:22) Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,  

 

 

--

22


 

  (102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.  

 

 

--

23


 

  ¶ (102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.  

 

 

--

24


 

  (102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.  

 

 

--

25


 

  (102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.  

 

 

--

26


 

  (102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.  

 

 

--

27


 

  (102:28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.  

 

 

--

28


 

  (102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.  

 

 

--

Psalms 103

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: