Haitian Creole Bible

Psalms 110

Psalms

Return to Index

Chapter 111

1


 

  ¶ Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.  

 

 

--

2


 

  Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.  

 

 

--

3


 

  Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.  

 

 

--

4


 

  Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.  

 

 

--

5


 

  Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.  

 

 

--

6


 

  ¶ Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.  

 

 

--

7


 

  L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.  

 

 

--

8


 

  Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.  

 

 

--

9


 

  Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!  

 

 

--

10


 

  Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.  

 

 

--

Psalms 112

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: