Haitian Creole Bible

Psalms 135

Psalms

Return to Index

Chapter 136

1


 

  ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

2


 

  Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

3


 

  Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

4


 

  Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

5


 

  Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

6


 

  L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:  

 

 

--

7


 

  Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

8


 

  Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

9


 

  Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

10


 

  ¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

11


 

  Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

12


 

  Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

13


 

  Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

14


 

  Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

15


 

  Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

16


 

  Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

17


 

  Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

18


 

  Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

19


 

  Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

20


 

  Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

21


 

  Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

22


 

  Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

23


 

  ¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

24


 

  Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

25


 

  Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

26


 

  Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

--

Psalms 137

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: