Haitian Creole Bible

Psalms 146

Psalms

Return to Index

Chapter 147

1


 

  ¶ Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!  

 

 

--

2


 

  Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.  

 

 

--

3


 

  L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.  

 

 

--

4


 

  Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.  

 

 

--

5


 

  Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.  

 

 

--

6


 

  Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.  

 

 

--

7


 

  Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.  

 

 

--

8


 

  Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.  

 

 

--

9


 

  Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.  

 

 

--

10


 

  Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.  

 

 

--

11


 

  Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.  

 

 

--

12


 

  ¶ Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!  

 

 

--

13


 

  Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.  

 

 

--

14


 

  L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.  

 

 

--

15


 

  Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.  

 

 

--

16


 

  Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.  

 

 

--

17


 

  Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?  

 

 

--

18


 

  Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.  

 

 

--

19


 

  Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.  

 

 

--

20


 

  Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!  

 

 

--

Psalms 148

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: