Haitian Creole Bible

Proverbs 8

Proverbs

Return to Index

Chapter 9

1


 

  ¶ Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto.  

 

 

--

2


 

  Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.  

 

 

--

3


 

  Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:  

 

 

--

4


 

  Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo:  

 

 

--

5


 

  Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!  

 

 

--

6


 

  Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.  

 

 

--

7


 

  Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.  

 

 

--

8


 

  Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.  

 

 

--

9


 

  Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.  

 

 

--

10


 

  Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.  

 

 

--

11


 

  Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.  

 

 

--

12


 

  Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.  

 

 

--

13


 

  ¶ Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.  

 

 

--

14


 

  Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.  

 

 

--

15


 

  L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo:  

 

 

--

16


 

  Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:  

 

 

--

17


 

  Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!  

 

 

--

18


 

  Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.  

 

 

--

Proverbs 10

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: