Haitian Creole Bible

Proverbs 15

Proverbs

Return to Index

Chapter 16

1


 

  ¶ Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.  

 

 

--

2


 

  ¶ Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.  

 

 

--

3


 

  ¶ Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.  

 

 

--

4


 

  ¶ Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.  

 

 

--

5


 

  ¶ Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.  

 

 

--

6


 

  ¶ Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.  

 

 

--

7


 

  ¶ Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.  

 

 

--

8


 

  ¶ Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.  

 

 

--

9


 

  ¶ Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.  

 

 

--

10


 

  ¶ Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.  

 

 

--

11


 

  ¶ Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.  

 

 

--

12


 

  ¶ Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.  

 

 

--

13


 

  ¶ Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.  

 

 

--

14


 

  ¶ Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.  

 

 

--

15


 

  Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.  

 

 

--

16


 

  ¶ Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.  

 

 

--

17


 

  ¶ Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.  

 

 

--

18


 

  ¶ Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.  

 

 

--

19


 

  ¶ Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.  

 

 

--

20


 

  ¶ Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!  

 

 

--

21


 

  ¶ Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.  

 

 

--

22


 

  ¶ Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.  

 

 

--

23


 

  ¶ Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.  

 

 

--

24


 

  ¶ Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.  

 

 

--

25


 

  ¶ Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.  

 

 

--

26


 

  ¶ Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.  

 

 

--

27


 

  ¶ Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.  

 

 

--

28


 

  Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.  

 

 

--

29


 

  ¶ Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.  

 

 

--

30


 

  Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.  

 

 

--

31


 

  ¶ Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.  

 

 

--

32


 

  ¶ Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.  

 

 

--

33


 

  ¶ Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.  

 

 

--

Proverbs 17

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: