Haitian Creole Bible

Proverbs 24

Proverbs

Return to Index

Chapter 25

1


 

  ¶ Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye.  

 

 

--

2


 

  ¶ Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo.  

 

 

--

3


 

  Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa.  

 

 

--

4


 

  ¶ Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.  

 

 

--

5


 

  Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis.  

 

 

--

6


 

  ¶ Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.  

 

 

--

7


 

  Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.  

 

 

--

8


 

  ¶ Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?  

 

 

--

9


 

  Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò.  

 

 

--

10


 

  Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non.  

 

 

--

11


 

  ¶ Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.  

 

 

--

12


 

  Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.  

 

 

--

13


 

  ¶ Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.  

 

 

--

14


 

  ¶ Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli.  

 

 

--

15


 

  ¶ Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.  

 

 

--

16


 

  ¶ Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.  

 

 

--

17


 

  ¶ Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l' pa rayi ou.  

 

 

--

18


 

  ¶ Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.  

 

 

--

19


 

  ¶ Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.  

 

 

--

20


 

  ¶ Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.  

 

 

--

21


 

  ¶ Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.  

 

 

--

22


 

  Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.  

 

 

--

23


 

  ¶ Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.  

 

 

--

24


 

  ¶ Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.  

 

 

--

25


 

  ¶ Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.  

 

 

--

26


 

  ¶ Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal.  

 

 

--

27


 

  ¶ Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.  

 

 

--

28


 

  ¶ Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l' fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.  

 

 

--

Proverbs 26

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: