Haitian Creole Bible

Lamentations 4

Lamentations

Return to Index

Chapter 5

1


 

  ¶ Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!  

 

 

--

2


 

  Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.  

 

 

--

3


 

  Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.  

 

 

--

4


 

  Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.  

 

 

--

5


 

  N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.  

 

 

--

6


 

  Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.  

 

 

--

7


 

  Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.  

 

 

--

8


 

  Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.  

 

 

--

9


 

  Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.  

 

 

--

10


 

  Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.  

 

 

--

11


 

  Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.  

 

 

--

12


 

  Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.  

 

 

--

13


 

  Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.  

 

 

--

14


 

  Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.  

 

 

--

15


 

  Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!  

 

 

--

16


 

  Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.  

 

 

--

17


 

  ¶ Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,  

 

 

--

18


 

  paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.  

 

 

--

19


 

  Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.  

 

 

--

20


 

  Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!  

 

 

--

21


 

  Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!  

 

 

--

22


 

  Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?  

 

 

--

Ezekiel 1

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: